Tell your friends about this item:
Babou Nan Zantray Mèt Rèv Yo Margaret Papillon Cree edition
Babou Nan Zantray Mèt Rèv Yo
Margaret Papillon
Liv sa a nan lang kreyol peyi Dayiti. Ce livre est en créole haïtien. Babou, yon ti fi ki genyen dis lane, te adore koute istwa mons ak lougawou Sizèt, yon granmoun k ap travay ak granmè l, pran plezi pou l te rakonte l. Yon aswè, apre yo fin tire kont, Sizèt te di timoun yo : ? Pa janm salye lonbraj nou ! Si nou fè sa, sila a ap vin chèche nou vè pi ta pou l mennen nou kay mèt kochma yo! Babou, ki se yon timoun ki te brav anpil, pa koute konsèy sa a. Okontrè, li te amize l fè alo a lonbraj li yon kantite fwa pandan kouzin l yo Kristèl ak Jan-Olivye t ap gade l ak anpil admirasyon. Li te panse Sizèt t ap ekszajere pou l te ka fè yo pè. Sepandan, nan mitan lannwit, Babou te resevwa yon vizit byen dwòl? Kijan ti zanmi nou an pral fè pou l rale kò l nan petren sa a?